Grande Ouverture de Fresh Room Bar Samedi 5 Juillet 2025 @4PM, 3, Rue Milry, Thiotte.
Grande Ouverture de Fresh Room Bar Samedi 5 Juillet 2025 @4PM, 3, Rue Milry, Thiotte.
San Triye se medya endepandan, onèt, e angaje ki bay piblik la enfòmasyon san patipri, san pè, e san pwopagann. Nou kwè nan pouvwa verite ak transparans pou edike, reveye konsyans, epi fè chanjman pozitif nan sosyete a. Objektif nou se bati yon kominote ki enfòme, angaje, epi ki pa pè poze kesyon ni denonse lenjistis, kèlkeswa kiyès sa a
San Triye se medya endepandan, onèt, e angaje ki bay piblik la enfòmasyon san patipri, san pè, e san pwopagann. Nou kwè nan pouvwa verite ak transparans pou edike, reveye konsyans, epi fè chanjman pozitif nan sosyete a. Objektif nou se bati yon kominote ki enfòme, angaje, epi ki pa pè poze kesyon ni denonse lenjistis, kèlkeswa kiyès sa afekte.
Nou pa la pou fè sansasyon, nou bay verite a jan l ye a. San Triye mete limyè sou sa ki kache, louvri lespri ki bouche epi konstwi yon sosyete ki pi konsyan, pi enfòme, e pi lib.
San Triye se plis pase yon medya. Nou se yon vwa endepandan, yon espas pou verite, refleksyon, ak lib panse. Valè nou yo se baz chak mo, chak imaj, ak chak aksyon nou mete deyò. Men sa nou kwè:
1. Verite san fòm ni figi
Nou pa kache, nou pa dekore. Nou mete limyè sou sa ki dwe parèt, menm lè li deranjan. Pou nou, enfòmasyon pa dwe sèvi ent
San Triye se plis pase yon medya. Nou se yon vwa endepandan, yon espas pou verite, refleksyon, ak lib panse. Valè nou yo se baz chak mo, chak imaj, ak chak aksyon nou mete deyò. Men sa nou kwè:
1. Verite san fòm ni figi
Nou pa kache, nou pa dekore. Nou mete limyè sou sa ki dwe parèt, menm lè li deranjan. Pou nou, enfòmasyon pa dwe sèvi enterè, li dwe sèvi pèp la.
2. Libète ekspresyon
Nou defann dwa tout moun pou pale, ekri, eksprime tèt yo san pè. San Triye se yon espas kote tout vwa konte, tout lide gen plas.
3. Kritik ak refleksyon
Nou pa kontante nou ak sa ki parèt. Nou fouye, nou poze kesyon, nou analize. Se konsa nou ede fanm ak gason konprann mond lan pi byen.
4. Respè pou diyite moun
Chak atik, chak videyo, chak emisyon fèt ak konsyans. Nou pa itilize doulè, mizè oswa konfli pou fè sansasyon. Nou trete sijè ak respè ak etik.
5. Endepandans
Nou pa mare ak okenn pouvwa politik, ekonomik oswa ideyolojik. Libète panse nou se fyète nou, e se li ki pèmèt nou rete fidèl ak misyon nou.
Nan yon peyi kote verite souvan koupe, filtre, oswa pase anba silans, San Triye leve vwa li kòm yon espas kote reyalite pale jan li ye. Depi kreyasyon li, San Triye ap pote limyè sou sa lòt yo refize wè, ap bay podyòm pou vwa yo mete sou kote yo.
Nou mete moun nan mitan tout sa n ap fè. Nou rakonte istwa yo, nou poze kesyon yo pè poze, no
Nan yon peyi kote verite souvan koupe, filtre, oswa pase anba silans, San Triye leve vwa li kòm yon espas kote reyalite pale jan li ye. Depi kreyasyon li, San Triye ap pote limyè sou sa lòt yo refize wè, ap bay podyòm pou vwa yo mete sou kote yo.
Nou mete moun nan mitan tout sa n ap fè. Nou rakonte istwa yo, nou poze kesyon yo pè poze, nou fouye kote ki fè mal, pou nou mete presyon kote ki nesesè. Nan chak atik, videyo, oswa podcast, nou atake sijè tabou yo, kesyon sosyo-politik yo, e nou ouvè dyalòg otantik sou reyalite Ayiti ak dyaspora a.
Enpak nou mezire nan reveye lespri, nan fè moun reflechi, aji, epi pran pozisyon. Nou pa kontante nou enfòme – nou provoke, nou defye, nou leve flanm.
Jodi a, San Triye se plis pase yon medya. Li se yon mouvman pou jistis, pou transparans, pou diyite. E chak moun ki li, pataje, oswa sipòte travay nou, se yon pati nan enpak sa a.
San Triye – kote verite pa gen makiyaj.
Follow us to watch our regular livestreams
We use cookies to analyze website traffic and optimize your website experience. By accepting our use of cookies, your data will be aggregated with all other user data.